RENMEN AK YON MOUN SE YOUN RET ANSANM SE YON LÒT

2 mins

Pafwa w konn renmen yon moun, men w pè ouvri kè w pou w pa blese. Ou konn anvi fè konfyans, men ou pè pou yo pa trayi w.

 

Pafwa ou konn eksplike moun sekrè w, li itilize menm sekrè sa ankò pou l tante detwi w… ou pale w mal.

 

Gen moun ou renmen, li konsidere lanmou sa w gen pou li a kòm feblès ou, jis pou l itilize w ; jwe w.

 

Se pa tout moun ou renmen w ka avè.

 

Pa janm kite lanmou fè w avèg, pou anpeche w fè chwa k ap bon pou vi w ak avni w. Menm si w renmen ak yon moun, pa janm sispann fokis sou vi pèsonèl ou, menm jan w ap fokis sou relasyon ou ak li a tou.

 

Pa janm kite se moun ou avè a k ap mete w toutan anba zèl li pou l vole ak ou, aprann vole pou kò w tou, paske gen moun ki p ap janm kite w aprann ka bat zèl ou pou si l kite w sèl pou w ka toujou bezwen prezans li, si w vle kontinye avanse.

 

Renmen ak tout kè w, men pa janm kite lanmou fè w kite moun fè sa yo vle ak ou.

 

Gen moun ki ka vle ak ou, men l pa vle ret ak ou.

 

Gen moun ki ka vle w pou w la tou, men l pa vle se ou pou l ye…

 

Pa janm kite moun vin pran woulib nan vi w ; gen moun ki konn pa konn destinasyon w, men li kanpe w jis pou l pran woulib, paske pafwa li menm tou li konn gen destinasyon pa l. Brèf, nou ka pran menm chemen, men nou pa gen menm destinasyon.

 

Pa janm sispann pran swen tèt ou, menm si moun ou avè a di l renmen w konsa.

 

Pa janm eksplike zanmi w tout sekrè w genyen ak mennaj ou oubyen madanm ou mari w.

 

Se pa tout sekrè w genyen pou eksplike mennaj ou, oubyen mari w oubyen ou madanm ou.

 

Menm si w ap fè plan pou w viv ak mennaj ou, mari w oubyen madanm ou, pa janm bliye fè yon plan pou w viv ak tèt ou tou.

 

Pa janm eskplike fanmi w (manmi ; papi, elatriye.), tout sa k ap pase nan fwaye w. Sof nan kèk ka.

 

Pa janm fè vye diskisyon ak mari w oubyen madanm ou devan pitit ou.

 

Pa janm eskplike zanmi w tout pwojè ou menm ak madanm ou oubyen mari w gen pou fwaye nou.

 

Se pa tout zanmi ki zanmi.

Men, gen zanmi ki plis ke yon fanmi…

 

NB : Si tèks la rive sou ou, dedye l ak omwen yon zanmi ou estime ki chè pou ou.

 

Flonet SAINCYR

 

1-Page Facebook : La plume d’or ;

2-WhatsApp : 509 36 54 50 28 ;

3-Google,

4-WhoGlocal,

5- Wikipen,

6-Wattpad,

7- Instagram,

8-YouTube,

9-Twitter,

10-De plume en plume,

11-Médium,

12-Jeunes écrivains : Flonet SAINCYR ;

13-https://flonet-saincyr.bus

iness.site/?utm_source=gmb&utm_medium=referral#posts

No account yet? Register

0 Commentaires
Commentaires en ligne
Afficher tous les commentaires
Lire

Plonge dans un océan de mots, explore des mondes imaginaires et découvre des histoires captivantes qui éveilleront ton esprit. Laisse la magie des pages t’emporter vers des horizons infinis de connaissances et d’émotions.

Écrire

Libère ta créativité, exprime tes pensées les plus profondes et donne vie à tes idées. Avec WikiPen, ta plume devient une baguette magique, te permettant de créer des univers uniques et de partager ta voix avec le monde.

Intéragir

Connecte-toi avec une communauté de passionnés, échange des idées, reçois des commentaires constructifs et partage tes impressions.

0
Exprimez-vous dans les commentairesx