Yon lang, se yon sistèm konpoze de yon alfabè ; yon ansanm de vokabilè ; yon ansanm d’ ekspresyon yon ansanm de siy ; yon ansanm de règ ; yon ansanm de strikti gramatikal e lengwistik… pou w pale, ekri oubyen eksprime youn ou plizyè ide ; kominike yon mesaj.
Donk, yon lang ka pale, yon lang ka ekri.
Lang pale a diferan de lang ekri a, swa nan fason y ap pwononse oubyen ekri.
Pou w konprann yon lang, akote de tout lòt sa ki nesesè, tankou konn vokabilè, konn règ ak ekspresyon, e anpil lòt bagay ki fondamantal ankò, ou bezwen gen yon odisyon/ekout ; ou bezwen gen yon pwononsiyasyon… elatriye.
Men, pou w kenbe yon pwononsiyasyon pwòp, ou pou w diferansye yon son de yon lòt son, pafwa yo sèvi ak aksan. Tèm sila polisemik. Men sans ki pre-okipe nou nan ka sa, se lè nou vle pale de aksan fòs ke yo rele an fransè, “accent grave” menm jan tou yo pale de “accent aigu”. Men nan lang ayisyèn nan, èske nou pale de aksan egi ?
Èske gende mo/tèm ki nesesite sa pou kenbe orijinalite yo, nan fason ke nou pwononse yo ak fason nou dwe ou ta dwe ekri yo ?
Si nou t ap pran tan pou pale de tout tèm… Nou pa t ap janm fini, paske menm nou menm genyen ki echape nou. Sa mande tout yon liv, omwen.
Men, etandone ke se pa pou nou n ap fè sa n ap fè a, n ap atire atansyon n sou kèk, omwen lè y ap fè yon pase men nan lang lan, n a atire atansyon yo.
Avan n fè sa, kite n eseye tante pataje ak nou, oubyen raple n kisa ki fonetik : Fonetik, se mwayen ki pèmèt nou idantifye son nan yon lang. Se li ki fikse fason tèl ou tèl mo… dwe pwononse, selon yon ansanm de règ…
Brèf, se te jis pou n te ka eseye fè w mye konprann.
E, si n ap teni kont de varyasyon swa nan pwononsiyasyon ou lòt…
Gende tèm tankou :
1-“Enmi”, kote ke gen yon ansanm de popilasyon ki pwononse l kòm [èn-mi] genyen tou ki pwononse l kòm [e-nmi]. Donk, nan dezyèm ka, si nou t ap ekri sa nou tande a, oubyen pwononse a, nou t ap ekri l konsa : “énmi”. Pou n ka toujou kenbe son pwòp la.
2-“Fonksyonman”, genyen ki pwononse l : [fonksyòn-man], genyen tou ki pwononse l [fonksyo-nman]. Nan dezyèm ka, li t ap nesesite yon aksan tonik : (fonksyónman).
3-“Adisyonman”, genyen ki pwononse l : [Adisyòn-man], genyen tou ki pwononse l, adisyo-nman. Nan dezyèm ka li t ap nesesite yon aksan tonik : (adisyónman).
Etandone ke n pa ka fè tèks la twò long, nou p ap kontinye enimere la. Nou te vle atire atansyon n sou sa…
Toutfwa, sa toujou rete yon travay fonetik ; … lengwistik, ki pou regle e chita son yon ansanm de pwononsiyasyon…
NB : Èv sila pa pretann li syantifik, e si l ta sa, se pa nou k mye plase pou detèmine l. Li jis tante mete n sou yon pis ki kapab petèt ede n mye syantifize lang ayisyèn nan.
Yon mèsi spesyal ak S. Gassan, etidyan an Dwa, ki pa t ezite pataje ide ak nou, pou mye pote kole ak nou, pou avansman lang ayisyèn nan. E yon lòt mèsi spesyal ak ou menm k ap li tèks la, ou menm ki pa janm bouke sipòte n. San ou, petèt nou te ka manke motivasyon pou n kenbe la. Mèsi enfiniman.
Refleksyon sa rive posib, gras ak divès rèchèch ke nou fè. Nou jwenn anpil kontribisyon nan nòt kou pwofesè lengwistik nou ; nan :
1-Obsèvasyon syantifik ;
2-egzijans òtograf ofisyèl Ministè Edikasyon nasyonal Repiblik Ayiti te fè parèt nan jou ki te 31 janvye 1980 an, daprè lalwa 28 septanb 1979 ;
3-Diksyonè kreyòl Vilsen ;
4-Diksyonè Karayib ;
5-<< Introduction linguistique à l'histoire (Le langage), écrit par Joseph Vendreyes, imprimé en France... L'évolution de l'humanité, Albin Michel.>>
Flonet SAINCYR
Page Facebook : La plume d’or
WhatsApp : 509 36 54 50 28
Google, WhoGlocal, Wikipen,
Wattpad, Instagram, YouTube,
Twitter : Flonet SAINCYR
https://flonet-saincyr.business.site/?utm_source=gmb&utm_medium=referral#posts