Panse w se fòs ou

2 mins

Chak lè w pwononse “Haïtien” ou soulve yon movèz vibrasyon ; yon vibrasyon negativ. 

Si m enspire de Me Jn. R. RIGAUD pou m chwazi ekri *AYITI* konsa pito, se paske m estime e viv deja sansasyon sa m ap pale w la. Ide yo, panse yo gen fòs.

Depi AYITI se Haïti, haïtien pa janm renmen haïtien parèy li tout bon, e sa se pa fòt nou tout. Ayisyen pa t janm renmen pwòp tè l. Tout rèv tout ayisyen, menm si ka gen eksepsyon, se wè l kapab vwayaje kite peyi l yon lè kanmèn.

Donk nou menm ayisyen, nou gen yon rèv, se kite peyi a kanmèm yon lè, al viv ou al etidye yon lòt kote. La ankò, se pa toujou fòt nou.

Anpil ayisyen chwazi ret viv AYITI e akòde l tout lanmou yo gen pou li, se aprè yo fin vwayaje ; vizite…

Donk, nou gen yon travay spirityèl pou nou fè, si n vle kòmanse prepare n pou chanjman.

Nati a gen tout fòs yo, men sa w panse, se li w vin ye.

Nati a pa konn sa w vle, li ba w sa w panse. Men m konn yon sèl bagay, nou tout ka mennen l, nan fason n ap panse e reyaji. Sa rete yon travay kontinyèl.

Chak ou panse byen, se ide byen ki anvayi lespri w, e menm kote a se byen w ap kontre sou chemen w.

Chak ou panse mal, se ak mal w ap kontinye fè fas. Tout sa se lalwa d’ vibrasyon ; lalwa d’atraksyon.

Wi li reyèl. “Ke w konsyan de li ou pa, l ap reyaji selon sa w panse”*

Aprann medite se youn nan fason k ap fè w dekouvri fòs natirèl ou.

Se pa maji, se nati. Ke w konsyan ke w pa konsyan nati a ap reyaji pou ou.

Nou se eman, n ap atire sou nou sa k nan lespri n.

Flonet SAINCYR

Page Facebook : La plume d’or

WhatsApp : 509 36 54 50 28

Google, WhoGlocal, Wikipen, 

Wattpad, Instagram, YouTube,

Twitter : Flonet SAINCYR

https://flonet-saincyr.business.site/?utm_source=gmb&utm_medium=referral#posts

No account yet? Register

0 Commentaires
Commentaires en ligne
Afficher tous les commentaires
Lire

Plonge dans un océan de mots, explore des mondes imaginaires et découvre des histoires captivantes qui éveilleront ton esprit. Laisse la magie des pages t’emporter vers des horizons infinis de connaissances et d’émotions.

Écrire

Libère ta créativité, exprime tes pensées les plus profondes et donne vie à tes idées. Avec WikiPen, ta plume devient une baguette magique, te permettant de créer des univers uniques et de partager ta voix avec le monde.

Intéragir

Connecte-toi avec une communauté de passionnés, échange des idées, reçois des commentaires constructifs et partage tes impressions.

0
Exprimez-vous dans les commentairesx