Lalwa pye bwa

3 mins

”Joumou pa donnen kalbas”, Kanari pa sous” (Pwovèb kreyòl) 

”Koupe pye kann jan w vle, se pa sa k ap fè w dous nan plas li.” La plume d’or

 

Se pa tout lè ou retwouve w nan yon move sitiyasyon pou w sèlman ap mande BONDYE pouki se ou menm ; sa w fè w ap peye. Pafwa, ou dwe jete yon kout je sou zak ou menm oubyen kèk pwòch ou te konn poze, avan.

Ebyen se konsa, 2 mesye sa yo : Pitè ak Jid, de bon zanmi t ap viv nan menm zòn, yo pa soti nan yon fanmi ki gen twòp mwayen, men nèg yo konsantre yo, pou yo fè tout sak bon, pou yo amelyore kondisyon vi yo, ak vi fanmi yo.

Kòm nan vi a, depi w pa neglije seme, plante…ou gen espwa rekòlte yon jou. Ebyen, se konsa menm, bagay yo te kòmanse vin amelyore pou Jid : misye te kòmanse nan atreprann yon pakèt aktivite nan zòn nan ; ede anpil moun ki nan bezwen, sa ki pa t byen fè souri Pitè.

Donk, Pitè te atann ke etwal li te oblije briye menm lè ak pa ak pa Jid la, paske yo tou de te sanse sot menm kote. Men malerezman pou misye, li inyore youn nan gwo prensip vi a :

  • << Se pa paske nou sot menm kote, nou te sibi menm eprèv ki vle di nou dwe atenn objektif nou menm lè. Paske, lè pye bwa ap donnen, tout donn yo pa oblije pare menm lè.  Donk, si lòt la mi avan w, sa pa vle di ou p ap mi pou sa, se tou pa w la ki poko rive.>>

Mezanmi, m pa bezwen eksplike n, kòman Pitè pa gen kouraj pou l dijere siksè lòt la, ke nou ta kapab konsidere kòm yon frè pou li.

Ann swiv kòman misye pral reyaji :

Kèk tan aprè, bagay la tèlman t ap domine Pitè, sèl ide ki te nan tèt li, se elimine Jid, kòmsi se misye ki kenbe etwal li, ki fè l poko ka briye toujou.

Ebyen se konsa, li fè tout sa l konnen, li elimine Jid, li gache rèv li ; espwa fanmi l, donk li gaspiye yon richès pou kominote a.

Aprè evènman sa fin pwodwi, se pa ale vi a te vin ale mye pou Pitè, se pa tout kapasite Jid te genyen yo ki al jwenn li, men se pito yon bak pou fanmi yo e menm pou kominote a. Paske, lè moman yo te konn vle parèt difisil pou yo, misye te konn delivre yo ; li te konn soulaje yo, e li pa t janm sispann bay tout li menm pou l te kontribiye nan devlòpman sa ki bon.

Men elas😓😥😢 Se konsa yo rekonpanse l. Ebyen, si tout sa ka rive pase konsa, se paske Pitè te inyore lalwa pye bwa a. Men kisa lwa sa ye menm ?

Yon bon pye bwa, se yon vi, yon avni, yon poto mitan…lè youn ap grandi, pa pilonnen l ; pa rache l ; kite l grandi ; kite l donnen pou l fleri. Fwi l ap pote p ap pou li sè l, menm pou tout yon kominote. Menm si w pa manje fwi l, l ap kouvri w ak lonbraj li, lè chalè solèy la vle parèt twò cho pou ou ; l ap pwoteje w, l ap pwoteje antouraj ou tou, anba gwo van ak gwo lapli. Pa rayi l tou, paske l bay yon fwi ke w pa bay, ou pa oblije pot menm fwi ak li, nou chak inik. Sak esansyèl, se rann ou enpòtan tou, depi gen posibilite pou sa. Konsa, limanite ap fè yon gwo pa pou pi devan.

Flonet SAINCYR

1-Page Facebook : La plume d’or ;
2-WhatsApp : 509 36 54 50 28 ;
3-Google, WhoGlocal, Wikipen, Wattpad, Instagram, YouTube,Twitter, De plume en plume, Medium, Jeunes écrivains : Flonet SAINCYR
4-https://flonet-saincyr.business.site/?utm_source=gmb&utm_medium=referral#posts

 

 

No account yet? Register

0 Commentaires
Commentaires en ligne
Afficher tous les commentaires
Lire

Plonge dans un océan de mots, explore des mondes imaginaires et découvre des histoires captivantes qui éveilleront ton esprit. Laisse la magie des pages t’emporter vers des horizons infinis de connaissances et d’émotions.

Écrire

Libère ta créativité, exprime tes pensées les plus profondes et donne vie à tes idées. Avec WikiPen, ta plume devient une baguette magique, te permettant de créer des univers uniques et de partager ta voix avec le monde.

Intéragir

Connecte-toi avec une communauté de passionnés, échange des idées, reçois des commentaires constructifs et partage tes impressions.

0
Exprimez-vous dans les commentairesx